The Gospel GPS Group - Kredo Bondye wi mwen kwè

Kredo Bondye wi mwen kwè
Kredo Bondye wi mwen kwè
Mwen kwè nan tout pawòl ou yo
Kredo Bondye wi mwen kwè
Yo tout se verite

Mwen kwè gen yon sèl Bondye
Li se Papa nou tout
Se li ki gen tout pouvwa, l kreye syèl la k tè a
Li fè tout sa moun kap wè ak sa moun pa kap wè
Li pa genyen tankou Li
Wi wi mwen kwè nan Li

Mwen kwè gen yon sèl Granmèt
Se Jezikri frè mwen
Li se sèl Pitit Bondye
Li se Pitit Papa a
Li te la depi toutan
Li se Bondye nan Bondye
Li se limyè nan limyè
Se menm Bondye ak Papa a

Se pa pouvwa Jezikri
Tout bagay te kreye
Li gen pou li retounen
Avèk tout pouvwa li
Pou jije vivan ak mò
E l va Wa pou toutan
Toupatou sou latè a
Wi wi mwen kwè nan li

Mwen kwè gen Lesprisen an
Lespri Papa a ak Pitit la
Y adore l ansanm ak Papa, ansanm ak Pitit la
E li jwenn menm lwanj ak yo
Se li ki tap pale
Lè pwofèt yo tap pale
Wi wi mwen kwè nan Li

Mwen kwè gen yon sèl Legliz
Ki fè yon sèl kòd fanmi
Li sen li la pou tout moun
Se sou apot yo l bati
Mwen rekonèt gen yon sèl batèm
Pou padone peche
Map tann tout mò yo leve
Map tann lavi kap vini an

Written by:
Tercius Belfort

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

The Gospel GPS Group

View Profile
The Gospel GPS Group The Gospel GPS Group