G2-X - Ou prale? (feat. Narah)

Ak pasyon lanm nou te kòmanse
Nou batay ansanm jouknnou rive marye
BonDye beni nou li ban n yon bebe
M te panse ke nou pap ka separe
Mwen pa vle doute si ou te serye
Menm ak pitit nou ou pa menm panse
Tout sa w wè se peyi a pou w kite
Pou mwen se rèv yo ou abandone

M renmen w nou renmen
Bèl pwojè n toujou genyen
Lavi pa toujou asepte
Pou pwojè n reyalize

Akonpaye w m te pwomèt sa mwen konnen
Men istwa m ou konnen byen
Yo friz mwen fouye m nan zòn lan pa twò lwen
Bal ap chante tout jounen
San site kouzen m lan yo te kidnape
Frè m lan ke bandi te touye
Ou mèt rasire w se pa sa m te swete
Men cheri mwen pap ka rete

M renmen w nou renmen
Bèl pwojè n toujou genyen
Lavi pa toujou asepte
Pou pwojè n reyalize

Èske w sonje sa n te di nap konstui
Pitit nou pou n grandi
Franchman m santi m pèdi
Wi m sonje e se pou sa mwen prale
Isit pa bay mwayen pou n avanse

Devan lotèl la ou te di
Pwojè nou yo ou pap detui
Èske w sonje èske w sonje
Se pa kite ke n ap kite
M vle w wè sonw opòtinite
Wi m sonje fò m ale

Written by:
Gédéon GÉRARD

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find