Lukbrown Yolkyell - ERASE YOUR SOCIAL

ERASE YOUR SOCIAL
Sa w wè kap pase a
Tankou yon katastròf
Si m ta pran explike l
Tankou m tap yon pròf
Konsyans pa reproche n
Anyen pap fè n ret tòf
Menm lè ta genyn k wè
Anyen pap bay repròch
Yo kwè nan tout slogan
Itilize yo san rapròch
Yap mete w devan
E montre w koman pou w voye ròch
Sa kap ansenye w la , nan mantal li rete sòt
Pa gen anyen k chanje lakay nou se toujou yon gròt

L'unité fait la force
Pito n te di se sauve qui peut
Nou tout ap defann tèt nou menm vyeyès pa okipe
Lè n tande peyi ap pale fèmen djòl ou menm pe
Gad videyo peyi w imaj etranje ki poste
Yon majorite, pou m konfime minorite
Yon dal moun san avni , kenn kote n pa ka ale
Sauve qui peut nan yon tou gròt ki pran dife
Yeah

Lukbrown
Erase your social
Erase your social

LY
Ou souvan di pouki wap viv
Ou suvan di pouki w te vivan
Souvan di w ou soufri tròp
Ou souvan di w ou rete tròp
An reyalite w pa konn reyalite pa w
Problèm wap andire melanje nan milye pa w
Tout chyen gen bon sans yo paske yon gen yon konsyans
Valorize n e konpare n , poko wè sa n sanble
Humilité ou imite Nou poko we Sa n ye

Obeyisans ka ba w sajes
Sajes vin koreksyon
Koreksyon ba n konfyans
Konsyans pou konesans
Konesans pou devlopman
Edukasyon' n ba nou negation yeah
Alò kisa n pral fe ki bon
Kisa l pral fè ki bon
Enèji nou pa bon
Yon lòt lang Nou aprann
Bagay nou pa konprann
Koman wap fè konprann
Si tout fwa ou konfonn
Konjige vèb être yeah
Lekol nou son bèt yeah
Tout liv an fransè yeah

LY




Pedi sou chemen w pandan wap respekte lwa
Si ou vin gran kounya , ou kapab fè yon chwa
Pa gen moun kap fè l pou ou menm lè l ta gen dwa
Pou sa w jwenn kritik la , sa ki fèt pou ou a
Sak pi bon pou ou
Sak alèz avè w la
Se li k pou ou , se li k pou ou
Ou pap knprann
Si w pa aprann
Ke komansman bon bagay pa janm fasil
Relasyon k fasi l
Kraze pi fasil
Sispann di w renmen m
Di ou bezwen m
Rezon devwale
Ou pap ka genyn m
Pap ka konble vid , moun ki pa renmen w
Wap ka soulaje yon moun ki nan bezwen
Manman w renmen w , men l pap di w sa
Aksyon li fè yo sa ap prouve w sa
Se menm jan tou , w ka konprann moun ki renmen w
Kreyòl pale , kreyòl pa janm komprann
Karans konsyans ka fè yo pa antann
Bagay yo wrong e pa gen mo
Pafwa vi a mande Erase your social

Written by:
Lukbrown Yolkyell

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

Lukbrown Yolkyell

View Profile