Mac-Ro Nation - Map tann lanmou

Si santiman'm yo pat chèf mwen
Jamè m'pa kwè m'tap renmen
Koz se yo k'toujou menne'm
Kote yo pa souvan bezwen'm
Chak fwa m'bay kè'm je fèmen
Sanzatann li fè'm kriye
Kwè'm si'w vle m'pap bay legen
Yon jou se li ki pou sede

Ak lanmou m'ap ret soumi
Malgré l'ap soufri
Men m'paka konte konbyen fwa li fè'm rejwi

Eske se vre lanmou ta banm yon piki kalman
Ki fè chak fwa m'tonbe m'blese
Demen ankò m'rekòmanse
Petèt ke se paske m'poko janm jwenn moun pa'm lan
Ki fè'm pa gen stabilte
Ki fè mwen toujou ap chache

M'ap tann ou lanmou m'ap tann ou
Mwen fin pran gou m'ap tann ou
Menm si wap fè'm soufri m'ap tann ou
Se ankò ki pou geri m'ap tann ou

Anpil fwa ou chwazi pou lavi
Sankoutcha ki te la pou la nwi
Vizaj yo ba ou, fè'w pèdi ray ou
Fè'w bay an gwo e an detay
Kan'w vle fight lavi ou wè'w poukont ou
Non money no love son slogan popilè
Souvan lè'w fin chov ou vin wè pat gen kè
Mwen konn gou doulè
Mwen konn gou bonè
M'pap ka selibatè
Ak lanmou m'ap toujou ret tizè

Written by:
Roland Roland

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

Mac-Ro Nation

View Profile