Lukbrown Yolkyell - M'aprann

M'aprann lanmou son santiman entens e agreyab
Ki pèmèt nou uni pou n viv ansanm tankou yon vag
Ki gen yon sèl kouran , ki prolonje nan yon sèl larme
Tristès mwen ap tristes ou
Kontantman w ap pou mwen tou

Si lanmou son afeksyon profond
Li pap gen Kenn rezon
Alò si m renmen w m pap ka bay okenn rezon
San dout, enterè lanmou an dwe enfini
Menjan tou pa ka vize vi m pou m defini l

Li tap drol, pou m di w m renmen w , aksyon m yo pa prouve l
Se menm jan tou li tap resiprosite

M pat konn Sa w vize
Si enfliyans lan te tronpe w vre
Then , m santi w pat vle bay verite

M prouve l
Menm si w pa ta trouve l
M chache anbyans lan
Pou m degaje emosyon an
Souvan, moun ki renmen w tout bon an
Pa jwenn chans lan

Anpil nan nou vize enterè kap bon nou an
Men se pa foli nou fè l vre
Aparans lan k tronpe n

Pi devan n regret pouki se nou lavi maltrete

Nap prepare yon avni avek yon kò ki malheureux

Nou vize tout riches pandan andan nou malheureux
Nou di nou vle bonè
Pandan w pa satisfè
Ak Sa w genyn , pou onè w

Pou w kreye emisfè w
Alo vi w depann de ou , chache moun ki renmen w Lukbrown
Chache moun ki renmen w

Written by:
Lukbrown Yolkyell

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

Lukbrown Yolkyell

View Profile