D-Singer - Daddy

N ap rele l David
Paske men revelasyon m te fè
Efektivman vre son gason konba l ye wi
On gason konba
Gason konba!
Gason konba!
Lèzòm ranje kabann ou avan ou fatige
San mwen menm m poko pare
M poko prè pou lè demen rive
E aswè a w t ap aprann mwen kòman pou m priye
E aswè a w t ap fè m wè men ki moun pou m mefye m
Gen anpil ou te pwomèt mwen
Ti pale pou n te fè men
Pou se kounye a w kite m
Ohhohhhhohhh
Daddy poko fèmen je w kounye a
Ohh
Daddy poko fèmen je w kounye a
Montre m avan w ale
M bezwen yon moun pou m pale
(M bezwen fòs)
Nwit lan ap long
M anvi demen rive
Ohhohhhhohhh
Daddy poko fèmen je w kounye a
Ohh
Daddy poko fèmen je w kounye a
Li te renmen nou anpil anpil anpil
Et ceci Papa nou
Ou wè leu nou rive la jodi a
Gen de tribilasyon
Gen de moman nwa nou wè nan vi nou
Nou ta gen dwa pa gen chans pou n wè move nwa sa yo
Men Dieu soit loué Bondye ap rive ansanm avè nou kanmèm
Paske Papa nou te renmen nou anpil
Gen yon balèn pou w te ban m
Pou m klere chimen ki devan m
Menm pa yon pen w pa ban mwen
E m pap manyen sak pa pou mwen
Si vè pike m aswè a
Menmsi doulè a ta fè m mal
Se fòt ou
Koz se sa ou kite
Ohhohhhhohhh
Daddy poko fèmen je w kounye a
Ohh
Daddy poko fèmen je w kounye a

Written by:
David Joseph

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

D-Singer

View Profile