Les Etincelles de l'Evangile - Proverbes Créoles

Sa w pa konnen
Zanmi mwen
Toujou pi gran pase w
Ou te mèt pale
Ou met di tout sa ou vle
Le nou kwè nou saj
Mezanmi, se lè sa nou pi fou
Sekrè la sajès se la krent Bondye

Depi lontan levanjil apre preche
Se pou lèzòm pa vin di pi ta « Si'm te konnen »
« Si'm te konnen »
Elas, li toujou dèyè
Alor se pye kout ki pran devan
Jezu mouri pou-l sove tout moun ki vle
Moun rich, moun pov, moun savan, moun inyoran
Nepot moun pouvu ke nou kwè

Ou menm ou pa dako
Ou di levanjil se pou moun ki demode
(Ou di levanjil la se pou moun ki demode)
Ou menm ou eklere
Ou se moun lespri, ou se moun ki a la paj
(Ou eklere, ou se moun lespri, ou a la paj)
Ou fè sa w wè moun fè
Ou kopye tout mòd, ou chèche fè moun plezi
(Fè sa moun fè, ou kopye mòd, ou fè moun plezi)
Pa konn pou ki w achi
E le yo mande w, ou di se evolisyon
(Pa konn pou ki, pou sa ou di se evolisyon)

A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm
A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm

Sa w pa konnen
Zanmi mwen
Toujou pi gran pase w
Ou te mèt pale
Ou met di tout sa ou vle
Le nou kwè nou saj
Mezanmi, se lè sa nou pi fou
Sekrè la sajès se la krent Bondye

Parol Bondye pale kont tout sa ki mal
Poutan lèzòm ap aji kòm si yo pa tande
Kesyon lizaj, moral, bonn edikasyon
Sa se zavè vye granmoun lontan
Menm nan legliz kretyen ap modernize
Talè konsa jijman Bondye ap vini
Men Jezu pa vle ou pèdi

Ou menm ou pa dako
Ou di levanjil se pou moun ki demode
(Ou di levanjil la se pou moun ki demode)
Ou mem ou fè etid
Ou gen konensans
Pèson pa sa di w anyen
(Ou gen konensans e pèson pa sa di w anyen)
Ou santi ou tro bèl
Ou tro an sante
Ou nan tro bèl pozisyon
(Ou bèl, ou an sante, ou nan tro bèl pozisyon)
Ou ranpli ak ogèy
Men si w te konnen ou ta chanje konsepsyon
(Men si ou te konnen ou ta chanje konsepsyon)

A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm
A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm

A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm
A la tristes, mezanmi
Gade jan lemond tèt anba
Foli Bondye pi saj pase lèzòm

Written by:
ODRIGUE JEAN JOSEPH NORMIL

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid, Songtrust Ave

Lyrics powered by Lyric Find

Les Etincelles de l'Evangile

View Profile