Yvenson Balde - BOOM

BOOM


Pran san ou avanw pale
Aprè pou pa depale
Pa kouri ri ni kraze
Saw pat konstri ni repare

2x

Emosyon nou byen wo
Men Moral nou ba
M pa konnen sak gen anwo
Mwen menm mwen rete anba
Laba pa kotem fet
Mwen pap rete isit nèt
Sispann pase alimèt
An nou depoze manchèt
Rèv mwen Se wew piwo pasem
Sa ap edem plis pasew
Rev mwen Se levew pi wo
Sispann di mwen se grimo

I’m on da block
I won’t tell a lie under oath
Non, mwen mwen se black
Mwen pa janm use krèm ni soap
Pibon sipotew Se moun ki pa renmenw
Enmiw pi fasil pou kontrole
Pase moun tankou Rat mode soufle

Kriye padan wap souri
Ri le wap kriye
Veye menm le wap priye
Priye avan sanw kaye

Pran san ou avanw pale
Aprè pou pa depale
Pa kouri ri ni kraze
Saw pat konstri ni repare


Diri pitimi mayi se manje peyi ayiti
Ti lili pa di ke mwen di m si m konn sa ke mwen di
Si kris pat kris nou ta pran kriz telman enmi an genyen riz
Betiz nan legliz wa di swamiz plizzz veye sè mariz

Boom boom boom boom
Sakala ka wèl
Tande boom boom boom boom
Pita ka gen rèl
Si nou pa tande sam di nou
Dayè mwen pap vin jije nou
Men mesaj mwen ka itil nou
Mesaj mizik mwen son milyon pou nou

Byen pre pa lakay son pawol vre
Mont 30 mil dola gen menm la 30dola
Se pa lew gen anpil lajan kew pral kontan
Men siw pa genyen lajan tou kew pap kontan
Ava ava ava ava ava
Gade gade devan lakay ou wap wè yon baba
Moun kap bay pajanm vin pi pòv ke sa kap pran
Pa dim pa ba ou chak chantem vo yon milion

wow wow wow wow
yea yea yea yea
wow wow wow woooow
yea yea yea yea

Written by:
YVENSON BALDE

Publisher:
Lyrics © Songtrust Ave

Lyrics powered by Lyric Find

Yvenson Balde

View Profile