Yvenson Balde - FREE SMOKE

FREE SMOKE

Yea (echo)
Ey man turn this one a little louder (FREE SMOKE)

yea Nou nan menm kan pou tan youn ap choute sou lòt
Telman gen parol se tankou nou yonn pa kon lot (free smoke)
Atis kont fanatik epa nou tout sanble matlot
Please don’t diss me paske mwen pata penmen fe menm jan ak zot yea yea yea

Mwen gen yon mesaj pou ou
Mwen gen yon mesaj pou ou (HOUU)
Di mwen eskew vle tande mwen
Paskem pa vle pèdi tan mwen
Mwen konnen tanw si presye frèm
Mwen konnenw pral apresyem frèm
Mwen gen yon mesaj pou ou
Mwen gen yon mesaj pou ou

Ou pito chita pataje tout sa ki pa bon
Olye pou monte youtube chache tout sa ki bon
Se chwaw fe Jodi ki pemet demen ka vin bon
Ou pito tande vye mizik ke nou tande bon
Ou Pase tout viw sou Facebook
San janm ouve yon book
Niw pa jan aprann cook
Ou pito la bay look
Pa di map palew mal
Ou ka we laviw sal
Wap mennen yon vi bosal
Sou tout Rezo sosyal

Jenn gason ou ye men ou pa vle travay
Ou pito kite lakay tan pou met may
konw rive lot bo wap plenyen jan sa red
la vi di pa tou sere dan pa fe led
jem pa bouchem we m pa ret kwe sa se peche
telman nou deplimen sou internet nanm nou seche
apresiyasyonm gen pou nou fem oblije pale
jenes la tankou yon moun fouk pa konn sa lap chache

ouuuuu la la la la
se sam genyenm bay
mikro ki nan menm se pale map pale
wo wo wo wo
ye ye ye ye

Mwen gen yon mesaj pou ou
Mwen gen yon mesaj pou ou
Di mwen eskew vle tande mwen
Paskem pa vle pèdi tan mwen
Mwen konnen tanw si presye frèm
Mwen konnenw pral apresyem frèm
Mwen gen yon mesaj pou ou yea
Mwen gen yon mesaj pou ou yea


ahahhaha yow man
m ta swete nou still cool after this one man
we brothers man
FREE SMOKE

Written by:
YVENSON BALDE

Publisher:
Lyrics © Songtrust Ave

Lyrics powered by Lyric Find

Yvenson Balde

View Profile