G2-X - Egzamen ofisyèl

Lontan reyisi yon egzamen
Anpil enpòtans sa te genyen
Tout ap felisite w
Paske ou sot efòse w
Jodi a sa pa vle di anyen
Menm ofisyèl tonbe nan tenten
Ou pa bezwen etidye
Tcheke mwayen pou triche

Premye jou m al konpoze
M wè nan baryè a y ap fouye
M pa kache di w kè m pran sote
Sijè yo te ban m lan nan fòn mw l ye
M gentan wè moun yo konn brase
M fèmen 500 goud nan men misye
Sa w tande a mwen byen pase
Nimewo dòd mw nan kwen l ye
Aprè filozofi pita se biyoloji
Mwen jwenn yon vye siveyan k pran pòz siveye di
Nou ba l anpil presyon malgre sa li pa chanje
Men sa pa deranje dayè mwen fè seksyon se
Demen maten chimi mwen pase nan yon lòt syèj
Yon direktè ban n egzamen an mw ak Nadèj
Lè m rive nan pa m lan mwen di se blokis
Ki fè mwen anreta mwen pat ka jwenn bis

Lontan reyisi yon egzamen
Anpil enpòtans sa te genyen
Tout ap felisite w
Paske ou sot efòse w
Jodi a sa pa vle di anyen
Menm ofisyèl tonbe nan tenten
Ou pa bezwen etidye
Tcheke mwayen pou triche

Aprè midi syans sosyal
Istwa konesans jeneral
Sijè k sou mwen an yo bay
Pou m rale l fòk mwen met may
Matematik yon gwo lo
Erezman te gen Lolo
Li fò l pa vle pataje
M rale fèy li l manke chire
Espayòl ak anglè pa bagay ki difisil
Reponn kesyon tèks se bagay ki fasil
Gramè vokabilè ap nan sal la kanmèm
Tout sa ou ekri bon nan topic la menm
Ala bagay bèl lè w genyen rezo
Syans fizik ta dwe mete tèt mwen cho
Men mwen te gentan gen egzamen an
Pwòf ratrapaj la te nan kuizin lan

Egzamen an fè mwen wè
Popilè pa yon bigdil
Se pa ti lajan mwen fè
Pou m pataje fò n fè dil
Bèl medam ban m nimewo
Sa k gen lajan negosye
Mwen k triche mwen k vin ewo
Lajn fè siveyan manje

Lontan reyisi yon egzamen
Tout ap felisite w
Jodi a sa pa vle di anyen
Ou pa bezwen etidye
Lontan reyisi yon egzamen
Anpil enpòtans sa te genyen
Tout ap felisite w
Paske ou sot efòse w
Jodi a sa pa vle di anyen
Menm ofisyèl tonbe nan tenten
Ou pa bezwen etidye
Tcheke mwayen pou triche

Written by:
Gédéon Gérard

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find