H7-LOZIN - M PA KONN LANMOU

Yon lanmou à l'infini ki pap janm ka geri
Mwen fe tout sa m'konnen pou li pa soufri
Malgre tout sakrifis m' fe komsi 'l pa janm sifi
M'fe tout jès ke'm konnen pou li ka souri89th
Malgre vye jès yo anpil m'pat janm mize sou sa
Si'w pa vle'm anko m'paka kont sa
Pito'w avwe mwen m'ap plis konprann
Chak jou wap souri avè'm epoutan kè'w pa kontan

Sanble'm pa konn sa'k lanmou m'pa konn sak lanmou
Sanble'm pa konn sa'k bay love m'pa konn sa'k bay love
Sanble'm pa konn sa'k damou m' pa konn damou
Sanble 'm pa konn sa'k renmen m 'pa konn s'ak renmen

Gad nan sitiyasyon 'm trouvre'm baby prouve mwen
Si se mwen'k pa bon oubyen si se ou k' pa bon
Gad nan sitiyasyon 'm trouve mwen baby prouve mwen baby prouve mwen
Dim kisa'm manke ki fè'm pa jwenn yon moun
Kap konprann mwen e k'ap banm tout Sa'm bezwen
Chak fwa m'eseye livre yon moun tan'm yo maltrete'm komsi'm pat fèt pou mwen renmen

Kisa pou'm fè pou'm konn vrè gou lanmou
Kisa pou'm di pou'm jwenn yon moun konprann mwen
Kisa pou'm fè pou mwen jwenn moun Pam nan
Kisa pou'm bay pou mwen jwenn li an retou

Sanble'm pa konn sa'k lanmou m'pa konn sak lanmou
Sanble'm pa konn sa'k bay love m'pa konn sa'k bay love
Sanble'm pa konn sa'k damou m' pa konn damou
Sanble 'm pa konn sa'k renmen m 'pa konn s'ak renmen

Kisa pou'm fè pou'm konn vrè gou lanmou
Kisa pou'm di pou'm jwenn yon moun konprann mwen
Kisa pou'm fè pou mwen jwenn moun Pam nan
Kisa pou'm bay pou mwen jwenn li an retou

Written by:
MARDOCHEE LOZIN

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

H7-LOZIN

View Profile