Les Etincelles de l'Evangile - Tout Gloire Pou Ou

Tout glwa pou Bondye, se li ki mèt mwen
Nan li sèl mwen mete tout konfyans mwen
Nan tout sa map fè se li ki gid mwen
Kote mwen prale, li avèk mwen
Malgre la vi mwen tou plen ak peche
Kompasyon Bondye pa janm diminye
Lè mwen lapriè li tande kri mwen
Padon ak la gras desann sou mwen

La gras Bondye
La pou tout moun ki vle
Byenfè Bondye
Se yon realite

Lanj l’etènèl kanpe kote
Tout sa yo ki gen krent Bondye
E li rachte yo nan danje

A la m kontan
Nan Jezu mwen kache
Kè mwen rejwi
Lavi mwen asire
Bondye renmen m
Amou li sove mwen

Tout glwa pou Bondye, se li ki mèt mwen
Nan li sèl mwen mete tout espwa mwen
Nan li sèl mwen jwen tout sa mwen bezwen
San sekou Bondye mwen pa anyen
Mwen wè mwen dòmi e mwen reveye
Mwen wè mwen leve
Mwen wè map mache
Gran baton bèje a proteje mwen
Bon tan, move tan, m toujou kanpe

La gras Bondye
La pou tout moun ki vle
Byenfè Bondye
Se yon realite

Lanj l’etènèl kanpe kote
Tout sa yo ki gen krent Bondye
E li rachte yo nan danje

A la m kontan
Nan Jezu mwen kache
Kè mwen rejwi
Lavi mwen asire
Bondye renmen m
Amou li sove mwen

A la m kontan
Nan Jezu mwen kache
Kè mwen rejwi
Lavi mwen asire
Bondye renmen m
Amou li sove mwen

Written by:
ODRIGUE JEAN JOSEPH NORMIL

Publisher:
Lyrics © Songtrust Ave

Lyrics powered by Lyric Find

Les Etincelles de l'Evangile

View Profile
Jesus Vivant Jesus Vivant